Housing Help RI

KESYON MOUN POZE SOUVAN

Last Updated: June 2020

Ki kantite fon yo alwe pou pwogram sa a?

Premye bidjè pwogram nan se 6 milyon dola.

 

Ki kantite èd yo alwe pou chak fwaye?

Chak fwaye familyal ka resevwa jiska yon maksimòm $5,000 kòm èd.

 

Kisa yo ka fè ak fon sa yo?

Yo ka itilize fon pwogram yo pou peye lwaye ki anreta, pou peye frè reta sou yon kont lwaye, pou asistans nan lwaye pou mwa kap vini a, oswa pou lòt depans nan demenajman.

 

Ki moun ki kalifye pou èd la?

Fwaye nan Rhode Island ki nan lwaye e ki pèdi revni akoz ijans COVID-19 la epitou ki gen yon risk imedya pou yo vin sanzabri kapab kalifye pou resevwa èd. Fwaye yo oblije satisfè kondisyon revni yo pou yo kapab kalifye.

 

Kisa yo konsidere kòm yon “fwaye”?

Yon fwaye se swa yon moun oswa yon gwoup moun kap viv nan menm enstalasyon. Se sèl yon adilt pou chak fwaye ki kapab aplike pou èd.

 

Kijan èske yo pral evalye kalifikasyon pou revni?

Yo pral evalye kalifikasyon pou revni baze sou kantite lajan total tout kay la fè jis anvan yo pèdi revni yo.

 

Mwen se yon mèt kay. Èske m kalifye pou m aplike?

Pou lemoman, Housing Help RI ka desèvi lokatè ki riske vin sanzabri touswit yo, sèlman. Se pou mèt kay yo kontakte konpayi ipotèk/ki jere ipotèk yo pou revize ak diskite sou chwa èd ki genyen, tankou èd yo bay selon lalwa federal CARES Act la. Gen anpil enstitisyon finansyè ki pran angajman pou ede mèt kay ki afekte poutèt kriz sante COVID-19 la. Klike la a pou jwen plis enfòmasyon.

 

Mwen gen reta sou lwaye m. Èske m ka aplike pou èd la?

Fwaye ki nan lwaye yo ki riske vin sanzabri touswit jan nou dekri l pi wo a, kalifye pou aplike. Si w satisfè kritè sa a, ou ka resevwa èd pou peye lwaye ki anreta a.

 

Mwen pa gen reta sou lwaye m sepandan mwen gen enkyetid ke mwen pap ka peye lwaye pou mwa pwochen an. Èske m ka aplike pou èd la?

Objektif Housing Help RI se pou ede fwaye ki gen gwo risk pou enstabilite nan lojman ak risk pou yo vin sanzabri. Byenke fon pwogram yo kapab ede aplikan ki kalifye yo avèk lwaye pou mwa kap vini a, anjeneral se pou fwaye yo gen plis ke trant jou reta sou lwaye a pou yo sa kalifye kòm arisk. Gen sèten eksepsyon, tankou fwaye kap viv nan kondisyon kote chaje ak moun oswa nan kondisyon ki danjere fizikman.

 

Èske fwaye yo pral resevwa fon yo bay yo dirèkteman atravè pwogram nan?

Non, yo pral peye lajan èd finansyè pou fwaye a bay yon tyès pati tankou mèt kay la, manadjè pwopriyete a, oswa yon konpayi demenajman.

 

Mwen vin abite Rhode Island sa fè sis mwa. Èske m kalifye pou m aplike pou èd sa a?

Non, fwaye yo oblije abite nan Rhode Island depi omwen yon lane pou yo kalifye.

 

Èske m gen garanti ke map jwenn èd la kou m aplike?

Yo pral kanpe aplikasyon ki pa konplete yo jiskaske nou resevwa tout enfòmasyon yo. Aplikan ki pa bay tout enfòmasyon ki nesesè yo, oswa aplikan ki pa kalifye dapre egzijans pwogram nan, pap resevwa okenn èd. Si fon pwogram nan fini, yo pral mete aplikan ki kalifye yo sou yon lis datant epi yap avize yo si gen fon anplis ki disponib.

 

Si yo aksepte m nan pwogran nan, ki kantite èd mwen ka resevwa konsa?

Kantite lajan yap bay la ap depann de sikonstans ak nesesite endividyèl aplikan an, sepandan li pap depase $5,000 pou chak fwaye.

 

Chak konbyen fwa mwen ka aplike pou èd la?

Etandone kantite fon yo limite, fwaye ki kalifye yo ka resevwa èd sibvansyon yon fwa sèlman.

 

Kounye a ke tribinal leta yo ap relouvri, èske yo kapab fè m degèpi poutèt mwen pa peye lwaye?

Si w ka peye lwaye w, peye li. Pandan mwad jen an, Tribinal Distri a pral kòmanse prezide sou ka degèpisman ke yo te depoze anvan ijans COVID-19 la (anvan 17 mas). Ka degèpisman ke yo te depoze pou rezon ki pa gen rapò ak pa peye, yap pwograme yo sèlman pou yon odyans nan mwad jen si degèpisman an baze sou yon vyolasyon sekirite piblik.

Tribinal Distri a pral kòmanse pwograme nouvo ka degèpisman yo anrejistre an jiyè yo, sou rezèv kapasite pou distans sosyal ak konsiderasyon pou sekirite yo.