English | Español | Portuguese |
Last Updated: July 2020
Housing Help RI has temporarily closed to new applications while we catch up with existing requests. Please check back later to see if applications have re-opened.
Housing Help RI se yon inisyaitv toupatou nan eta a, pou ede rezidan Rhode Island kap viv ensètitid nan domèn lojman. Pwogram nan ede lokatè ki gen revni ki ba, kap sibi enpak ijans COVID-19 la e ki riske vin sanzabri imedyatman, jwenn lojman dijans.
Kondisyon Kalifikasyon pou Fwaye
Pou yon fwaye kalifye pou asistans atravè pwogram Housing Help RI, fwaye a fèt pou l satisfè kritè kalifikasyon sa yo:
- Abite nan Rhode Island depi omwen yon lane;
- Montre li pèdi salè akòz ijans COVID-19 la;
- Reyalize 80% oswa mwens nan Revni Medyàn pou Zòn nan, daprè zòn jeyografik la ak dapre kantite moun ki nan fanmi an, anvan pèt salè resan an; epi
- Pa gen resous altènatif pou l evite enstabilite nan lojman oswa pou l evite vin sanzabri.
Yon fwaye fèt pou l montre li gen kapasite pou l peye lojman an lè yo fin ba l fon pou pwogram nan. Se yon sèl adilt ki rete nan fwaye a ki ka aplike pou mande èd onon tout fwaye a.
Itilizasyon yo Otorize
Fwaye yo ka resevwa jiska $5,000 sibvansyon pou yo itilize pou nenpòt konbinezon pami depans lojman swivan ki kalifye yo:
- Peman lwaye ki anreta;
- Frè reta sou yon kont lwaye;
- Asistans nan lwaye pou mwa kap vini a; oswa
- Depans pou bwote ki gen pou wè ak demenajman.
Yap voye peman yo bay yon tyès pati dirèkteman, tankou yon mèt kay, yon jesyonè pwopriyete, oswa yon konpayi demenajman.
Men Kijan Pou Aplike:
Si gen rezidan ki enterese, se pou yo ranpli fòm seleksyon sou entènèt la ki pi ba a pou yo konfime kalifikasyon yo e pou yo ka kòmanse pwosesis aplikasyon an.
Si fon pwogram nan fini, yo pral mete aplikan ki kalifye yo sou yon lis datant epi yap avize yo lè gen fon anplis ki disponib.
Note: Housing Help RI has temporarily closed to new applications while we catch up with existing requests. Please check back later to see if applications have re-opened.